Louie B. Nunn Center for Oral History

Interview with Ezer Georbasten Cangé, June 25, 2010

Louie B. Nunn Center for Oral History, University of Kentucky Libraries
Transcript
Toggle Index/Transcript View Switch.
Index

Search this Index
X
00:00:06 - Prezantasyon ak lavi anvan tranblemandetè a

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Um, mais pour commencer, est-ce que tu peux dire ton nom, et ton âge?
Entèprèt: Non w avèk laj ou?
Cangé Ezer Georbasten: Bon, mon nom complet c'est Cangé Ezer Georbasten--

Segment Synopsis: Nan pati sa-a, Ezer Cangé bay tout non li, laj li. Li pale tou de ki vi li t'ap mennen avan tranblemandetè a. Li bay tout detay sou etid li t'ap mennen anvan tranblemandetè a. Pi lwen, li di sa li t'ap fè epi jan li te reyaji nan moman tranblemandetè a. Li di kisa li panse tranblemandetè a te ye. Tout suit apre tranbleman, li di kisa li te fè epi di tou kote rès fanmi an te ye. Li di tou domaj ki rive kay kote li te ye a. Li pale jan tout moun katye a te reyini menm kote pou pale epi pou pase nuit lan ansanm. Li soulinye tou jan moun katye a te fè solidarite antre yo.

Keywords: Seism; Teren

Subjects: Tranblemandetè, Ayiti, 2010

00:05:54 - Ki reyaksyon nan semèn aprè

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Eh, les journées après, les semaines après, comment ça s'est passé? Comment vous avez 'subvenu' à vos besoins?

Segment Synopsis: Ezer Cangé di jan li t'ale an pwovens lakay li nan demen apre tranbmemandetè a pou al jwenn paran li. Li eksplike ke pwovens lakay li pa t vrèman touche. Li di tou konbyen tan li pase an pwovens.

Keywords: Lagonav; Pwovens

Subjects: Lagonav (Ayiti)

00:06:51 - Ki koz tranblemandetè a

Play segment

Partial Transcript: Entèprèt: Mais est-ce que le jour même du séisme, alors, tout de suite après le séisme, euh, après avoir appris que c'était un tremblement de terre, tu, tu étais capable d'expliquer le mécanisme de--, qui--, produisant le tremblement de terre? Le mécanisme géologique?

Segment Synopsis: Ezer Cangé di jan anpil moun nan popilasyon an t'ap di tranblemandetè a se Bondye k'ap pini Ayisyen pou mechanste yo epi ramne yo nan repantans. Men li menm li panse ke se jan nou konstwi kay mal ki lakoz tout moun sa yo peri; e li panse tout moun responsab nan sa. Li pale jan lavi nan pwovens se te yon paradi konpare ak Pòtoprens apre tranblemandetè a. Li konpare lavi nan Pòtoprens anvan epi apre tranblemandetè a. Li di poukisa li poko retounen lekòl. Li pale tou de zanmi li pèdi nan tranbleman-an.

Keywords: Pwovens; Seism; Seyis; Tranblemandetè

Subjects: Bondye; Lagonav (Ayiti); Pòtoprens; Tranblemandetè, Ayiti, 2010

00:11:17 - Ki esperans / Tranblemandetè ak Pwofesi

Play segment

Partial Transcript: Entèprèt: Quel sens maintenant tu, tu accordes à la vie, est-ce que la vie a une--, n'a plus de sens, ou est-ce que tu es en train de chercher un autre sens à la vie?

Segment Synopsis: Antanke Kretyen, Ezer Cangé gen esperans nan lavi. Li panse ke lasyans ak lapwofesi eksplike tranblemandetè a. Li di pou ki rezon yo pa dòmi anba kay beton an. Li bay rezon tranblemandetè a gen kote pozitif li tou.

Keywords: Beton

Subjects: Kay; Lasyans; Pwofesi; Tranblemandetè

00:15:10 - Lavi lan kay ak lavi nan tant

Play segment

Partial Transcript: Entèprèt: Comment on s'organise? Est-ce que, est-ce que, est-ce que le mode de vivre dans le camp c'est différent du mode de vivre, euh, le mode vie en--, à la maison?

Segment Synopsis: Ezer Cangé eksplike jan chalè lan tant lan pa konparab ak chalè nan kay.

Keywords: Chalè

Subjects: Kan; Kay; Tant

00:16:17 - Relasyon Ayiti ak peyi donatè èd yo

Play segment

Partial Transcript: Entèprèt: Eh, est-ce que, euh, ce qui s'est passé après le, le tremblement de terre, il y a eu un engagement de la part de la République Dominicaine, des Etats-Unis, de la France, du Canada, bon de, de 'toute' l'international, de tout l'international, est-ce que tu as un nouveau regard, une nouvelle lecture sur les relations internationales avec Haïti et particulièrement ces quatre pays: la France, le Canada, les Etats-Unis et la République Dominicaine?

Segment Synopsis: Ezer Cangé di la-a Ayiti resevwa anpil don apre apèl dirijan Ameriken pou pote kole ak Ayiti. Li detaye jan Ayiti depann de enpòtasyon. Li di sa l panse sou relasyon Ayiti ak Sendomeng; li di ke fè yon peyi don pa vle di ke de peyi yo zanmi pou sa. Li panse anyen pa chanje malgre anpil pwomès èd; okontrè, Ayiti pral vin pi mal apre tranblemandetè a paske Leta toujou pa kite don yo rive jwenn popilasyon a.

Keywords: Etazini; Kanada; Kominote entènasyonal; Lafrans; Peyi; Sendomeng; Èd

Subjects: Ayiti-Relasyon entènayonal; Don; Èd entènasyonal

00:20:45 - Solisyon pou Ayiti

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Et qu'est-ce que tu as--, est-ce que tu as un sens de ce qu'il faut faire, c'est quoi le, le prochain pas il faut prendre pour commencer à améliorer sa situation?
Entèprèt: Alors, que--, quels sont, d'après vous, --est-ce que tu as un projet en tête qui permettrait de, de redémarrer le pays, de relancer le pays, pour un nouveau démarrage?

Segment Synopsis: Ezer Cangé bay sa li panse ki ka retire Ayiti nan sitiyasyon mizè, pwoblèm koripsyon ak gouvenans li ye a. Li di wòl li panse lajenès la gen pou l jwe nan yon revolisyon konsa. Li di poukisa li panse eleksyon yo paka pote chanjman. Li site ki bilding ki kraze ke li sonje plis epi poukisa.

Keywords: Jenn; Jèn; Revolisyon

Subjects: Lajenès

00:24:28 - Kontribisyon nan rekonstriksyon Ayiti

Play segment

Partial Transcript: Entèprèt: Est-ce que comme jeune tu serais prêt à participer à la reconstruction nationale?
Ezer Cangé Georbasten: Mais ouis, je suis Haïtien, je suis fier.

Segment Synopsis: Ezer Cangé di li fyè ke li se Ayisyen e li prè pou l ta kontribiye nan rekonstriksyon Ayiti. Li pa prè pou abandone peyi a pou ale viv nan yon lòt peyi kote y'ap maltrete Ayisyen; men li ta kapab mete ak etranje ki vle pote kole pou ede chanje Ayiti.

Keywords: Ayiti; Peyi devlope; Rekonstriksyon nasyonal

Subjects: Ayiti