Louie B. Nunn Center for Oral History

Interview with Delve Marie Eramithe, July 14, 2010

Louie B. Nunn Center for Oral History, University of Kentucky Libraries
Transcript
Toggle Index/Transcript View Switch.
Index

Search this Index
X
00:00:00 - De ti mo sou KOFAVIV [komisyon fanm viktim pou viktim]

Play segment

Partial Transcript: CLAIRE PAYTON: Donc, pour commencer, est-ce que vous pouvez m’expliquer un peu de l’organisation avec qui tu, avec, avec que vous travaillez et, et les buts de cette, les buts de l’organisation?

Segment Synopsis: Lan pati entèvyou sa-a, Eramithe prezante ki moun li ye. Li prezante tou kisa òganizasyon KOFAVIV la ye; li pale lan ki lide yo te mete òganizasyon sa-a sou pye. Li bay ane KOFAVIV kreye pandan li tou fè yon ti rale sou listwa òganizasyon an. Li eksplike kisa KOFAVIV fè epi ki moun ki anndan òganizasyon an.

Keywords: Abi seksyèl; Ajan; Akonpayman medikal; Akonpayman psikososyal; Ankadreman; Asistans medikal; Asistans psikososyal; Bi; Bidonvil; Domèn; Entèvansyon; Fanm; Geto; Jistis; KOFAVIV; Katye popilè; Komisyon; Misyon; Objektif; Prizanchaj; Reparasyon; Sektè; Sipò; Swen medikal; Timoun; Travay; Viktim; Vyolans seksyèl

Subjects: Viktim vyolans seksyèl; Vyolans seksyèl kay Timoun; Òganizasyon

00:04:40 - Wòl ak fòmasyon ajan teren yo / estrateji pou idantifye viktim vyolans seksyèl yo.

Play segment

Partial Transcript: CLAIRE PAYTON: Et, c’est quoi exactement les rôles des agents ? Et, quel, quel, c’est quoi leur entrainement ? C’est ça.

Segment Synopsis: Lan pati sa-a, Eramithe pale de kiyès moun ajan yo ye, ki wòl yo jwe lan KOFAVIV. Li pale de fòmasyon ajan sa yo epi li eksplike tou ki estrateji yo itilize sou teren pou yo rive idantifye moun ki sibi vyolans seksyèl yo, anndan katye popilè yo.

Keywords: Ajan; Ajan teren; Animatè; Asistans medikal, Asistans psikososyal, Swen medikal, Apui psikososyal; Estrateji; Manm Fanmi; Pwòch; Responsablite; Travay teren; Viktim; Volontè; Wòl

Subjects: Fòmasyon; Katye popilè; Metòd; Viktim abi seksyèl

00:07:23 - Apwòch KOFAVIV lan ankadreman viktim vyolans seksyèl

Play segment

Partial Transcript: CLAIRE PAYTON: Et, est-ce qu’il y a des autres organisations qui ne sont pas liées à le vôtre, qui, qui essayent de faire ces types de travail avec les femmes victimes ou est-ce que ça c’est quelque chose un peu avant-garde en Haïti, je ne sais pas ?

Segment Synopsis: La-a, Eramithe rekonèt ke KOFAVIV se pa sèl òganizasyon k'ap travay pou ankadre viktim vyolans seksyèl. Men, li mete aksan sou jan estrikti pa KOFAVIV la epi travay pa KOFAVIV la depaman ak sa lòt yo ap mennen yo. Li prezante ki metòd ak ki estrateji epi ki pwogram KOFAVIV itilize pou rive ede viktim yo.

Keywords: Animasyon; Apwòch; Focus group; Fokis gwoup; Kontak; Metòd; One reflection; Rapwoche; Rekreyativite; Reyabilitation; Reyabilite; Travay teren

Subjects: Fanm; Timoun viktim vyolans seksyèl; Viktim vyolans seksyèl; Òganization

00:14:07 - Envantè manm KOFAVIV yo / viktim vyòl lan zòn Pòtoprens.

Play segment

Partial Transcript: CLAIRE PAYTON : Et, combien de gens sont, um, sont, est-ce que vous avez un sens de les chiffres, de combien de gens ont passé par votre programme depuis, uh--

Segment Synopsis: Lan pati sa-a, Eramithe bay ki kantite manm te lan KOFAVIV depi lan kòmansman. Li bay tou kèk chif sou kantite lan manm sa yo ki mouri, ki disparèt, ki epapiye epi ki vwayaje apre tranblemandetè Douz Janvye a. Finalman, li pale sou resansman kantite ka vyòl lan zòn Pòtoprens lan.

Keywords: Agresyon seksyèl; Asèlman; Chif; Ka; Resansman; Viktim; Vyolans fizik; Vyole; Vyòl

Subjects: Estimasyon; Manm; Viktim vyòl; Òganizasyon

00:18:33 - Travay KOFAVIV apre tranblemandetè a / relasyon KOFAVIV ak Leta

Play segment

Partial Transcript: CLAIRE PAYTON : Donc, comment la, la travail de votre organisation ont changé ou ont été, ou été obligé de adapter à, à Douze Janvier, à, à les conséquences du Douze Janvier?

Segment Synopsis: Lan pati sa-a, Eramithe pale jan tranblemandetè a afekte travay yo. Li eksplike jan travay lan pwòp biwo pa yo ki te ekipe ak travay lan lokal Bureau des Avocats Internationaux yo, kote yo te ebèje yo, se de bagay diferan. Li pale de eksperyans yo fè epi tou ki travay yo te gentan ap fè anndan kan kote yo te gentan pase tan. Li mete aksan sou jan yo oblije fè plis pledwaye koulye a, sitou lan nivo entènasyonal paske yo pa jwenn okenn sipò lan men Leta, ke se sipò ekonomik osnon sekirite. Li rakonte jan lapolis pa t okipe fanmi l apre yon tantativ vyòl. Finalman, li pale de pwosedi legal pou fè arete yon moun.

Keywords: Agresè; Avocats; Avoka; Bandi; Biwo; Bureau; Channmas; Ebèje; Echèl entènasyonal; Espas; Etranje; Gouvènman ayisyen; Internationaux; Kadejakè; Kan; Komisarya; Lapolis; Leta ayisyen; Loje; Lokal; Nivo entènasyonal; Pledwaye; Polis; Polisye; Revolvè; Sekirite; Sipò ekonomik; Tant; Tantativ vyòl; Zam

Subjects: Adaptasyon; Travay; Viktim vyòl

00:31:01 - Lòt fòm vyolans ki mache ak vyòl / fawouch ak endiferans sou victim yo

Play segment

Partial Transcript: CLAIRE PAYTON : Donc, est-ce que, est-ce que les viols sont, est-ce qu’il est souvent accompagné par les autres formes de violences aussi, les battre soit, ou les violences physiques extremes--

Segment Synopsis: La-a, Eramithe admèt ke se vyòl ki premye fòm vyolans. Li di ke se youn lan rezon yo te oblije rantre vyolans konjigal lan ajanda travay yo. Li site plizyè lòt fòm vyolans ki vini apre vyòl. Li mansyone granmoun ki plase epi ap bat ti fi paran yo separe separe avèk yo. Li lonje dwèt tou sou fawouch victim yo rankontre lan men menm enstans ki la pou bay victim yo asistans. Li konkli pou l di ke se yon fawouch pou timoun ki victim lan lekòl yo; lan fwaye lakay yo pafwa menm paran rive yo pa kwè timoun; mari rive kite madanm. Sitiyasyon sa-a fè ke defwa viktim yo kache sa e menm fè tèt yo mal.

Keywords: Bat; Frape; Plasay; Vyolans domestic; Vyolans fizik; Vyolans konjigal

Subjects: Detounman minè; Ras kabrit

00:46:20 - Rekonesans legal ak nati òganizasyon KOFAVIV

Play segment

Partial Transcript: CLAIRE PAYTON: Est-ce que votre, est-ce que votre organization ont une, a une mission, une, uh, mission statement, like--

Segment Synopsis: La-a, Eramithe fè konnen ke KOFAVIV se yon òganizasyon ki legalize, ki gen yon misyon. Li presize tou ki tip òganizasyon KOFAVIV ye pa rapò ak yon òganizasyon feminis. Li pale ak ki moun KOFAVIV travay epi li mete aksan sou jan de ankadreman yo bay timoun ki lan restavèk.

Keywords: Afè sosyal; Anrejistreman; Chat; Domestisite; Esklavaj; Estati; Legalizasyon; Ministè; Restavèk; Règleman entèn

Subjects: Ideyoloji; Misyon; Timoun restavèk

00:49:13 - Akèy KOFAVIV jwenn lan kominote yo / estrateji pou fè prevansyon kont menas vyòl

Play segment

Partial Transcript: CLAIRE PAYTON: Et, est-ce que vous, est-ce que vous trouvez que votre organisation c’est bien reçue par les communautés où, où vous travaillez ou? Ouais c’est ça. C’est, c’est quoi le réception de votre travail dans la societé, dans les, dans les camps où vous travaillez?

Segment Synopsis: Lan pati sa-a, Eramithe pale de jan yo apresye travay KOFAVIV ap fè a epi jan y'ap resevwa menas tou lan men bandi. Li bay rezon ki fè yo apresye travay y'ap fè a. Li bay tou kèk estrateji ke medam KOFAVIV yo itilize pou sansiblize epi anpeche ke bandi vyole yo lan kan yo.

Keywords: Konsyantization; Mobilizasyon sosyal; Motivasyon; Prevansyon; Sansibilizasyon

Subjects: Menas; Prevansyon--vyòl

00:58:06 - Relasyon KOFAVIV ak lòt òganizasyon entènasyonal / finansman pwojè KOFAVIV yo

Play segment

Partial Transcript: CLAIRE PAYTON : Et, est-ce vous avez des connections des organisations internationales?

Segment Synopsis: Lan pati sa-a, Eramithe site youn apre lòt tout zanmi etranje KOFAVIV genyen epi ki tip de sipò yo bay KOFAVIV. Li pale kijan KOFAVIV rive jwenn fon pou finance aktivite l'ap mennen. Li pale tou de sipò yo jwenn lan men Medsen San Fontyè lan peyi a.

Keywords: Fon; Koneksyon; Lajan; Patenè etranje; Relasyon; Zanmi

Subjects: Bidjè; Finansman; Kotizasyon; Kèt; Kòlèk; Patenarya; òganizasyon entènasyonal

01:03:53 - Sa ou dwe konnen sou aktivite KOFAVIV/ akonpayman ak timoun ki lan pwostitisyon

Play segment

Partial Transcript: CLAIRE PAYTON : Est-ce qu’il y a des autres choses que vous pensez importants de dire pour que je peux avoir un sens complet de, de, des projets que vous faites ici ou est-ce que nous avons bien couvri les points importants?

Segment Synopsis: Pou fini entèvyou a, Eramithe site yon sijè enpòtan ke li pa t rive kouvri pandan entèvyou a. Li pale kijan akonpaye timoun ki lage lan pwostitisyon se priyorite yo men ke mank mwayen anpeche yo fè ta vle fè .

Keywords: Prostitiye; Pwostitisyon; Timoun; Twotwa; Vann kò, Rekiperasyon

Subjects: Pwostitisyon kay timoun; Reyabilitasyon