Louie B. Nunn Center for Oral History

Interview with Claude Adolphe, July 27, 2010

Louie B. Nunn Center for Oral History, University of Kentucky Libraries
Transcript
Toggle Index/Transcript View Switch.
Index

Search this Index
X
00:00:00 - Entwodiksyon / Sitiyasyon Ayiti anvan e apre tranblemann tè a

Play segment

Partial Transcript: Claude Adolphe: Konbyen sa ap koute m la-a?

Segment Synopsis: La-a, Payton prezante travay l'ap fè bay Adolphe ki li menm dakò pou pataje eksperyans tranblemann tè a avèk li. Adolphe di avan tranblemann tè a peyi a t'ap mache malgre lòt pwoblèm ki te toujou la. Koulye a klas mwayèn lan, ki se poto mitan ekonomi peyi a, yo dekouraje paske se yo ki plis touche pami tout moun lan peyi a. Li pale de tout rimè k'ap sikile k'ap di sa ki lakoz tranblemann tè a frape Ayiti. Li bay sa li menm li kwè ki koz tranblemann tè a epi ak poukisa tout moun sa yo peri. Koulye a l'ap mande kijan yo ka ede Ayisyen limite dega kont tranblemann tè.

Keywords: Beton; Eksperyans; Kay; Klas mwayèn; Konstriksyon; Lakay; Maisons

Subjects: Tranblemann tè

00:08:59 - Kite beton pou lòt tip materyo konstriksyon

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Men, èske w konnen ke genyen, genyen enfòmasyon deyò a, genyen kèk ONG, sa-a se enfòmasyon sou kote,--genyen kèk ONG, se yon ti ponyen deyò a k'ap eseye pwopaje enfòmasyon sa-a sou, tankou, plizyè fason ou ka konstwi.

Segment Synopsis: Lan pati sa-a, Adolphe di li difisil pou moun yo abandone yon bagay y'ap pratike depi lan tan lontan. Li panse kay ki fèt ak beton se vrè rezon ki lakoz tout moun sa yo peri, sitou moun lan klas mwayèn lan. Men l'ap mande kijan pou kominote entènasyonal la ta ka bay Ayiti yon lòt fòm èd pou ki ta pèmèt Ayisyen benefisye konesans pou prepare pou tranblemann tè.

Keywords: Beton; Bous; Bous detid; Enjenyè; Kay; Kloti; Lakay; Lakou; Lari; Mi; Vodou

Subjects: Ed; Mò; Tranblemann tè

00:15:20 - Lan moman tranblemann tè a

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Donk pou ou, ki kote ou te ye pandan tranblemann tè a?

Segment Synopsis: Lan pati sa-a, Adolphe raple l jan tranblemann tè a te pase; lan moman li ta pral lan aktivite li. L'ap rakonte jan Bondye sove l lan bouch lanmò; li paka konprann kijan li fè epanye. Pou li menm tèt moun yo te cho, yo pat konn kisa k tap pase; e se sa ki koz tout moun sa yo mouri. Pou li se yon bagay ki te ekri pou rive, e yon seri moun, sitou moun klas mwayèn la, ki t'ap fè mal peye pou sa.

Keywords: Bal; Bondye; Eksperyans; Espirityèl; Etidyan; Goudou goudou; Goudougoudou; Kay; Lari; Lekòl; Manje; Mò; Plat; Restoran; Tire; Viktim; Zam

Subjects: Tranblemann tè

00:33:54 - Pou ki se Ayiti?

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Men jan de tenten sa a pase tout kote, pouki se Ayiti?

Segment Synopsis: Adolphe rekonèt ke tranblemann tè a se yon bagay natirèl men li panse li gen yon aspè espirityèl tou. Li pran plizyè egzanp pou l moutre aspè espirityèl tranblemann tè a.

Keywords: Arè kadyak; Bondye; Goudougoudou; Kay; Kloti; Komès; Kè rete; Legliz; Lekòl; Lis; Magazen; Mandyan; Mi; Moun; Natirèl; Pastè; Pinisyon; Pèp; Rich; Segonn; Vodou; Zam

Subjects: Mò; Viktim

00:44:51 - Ayiti anka yon lòt tranblemann tè

Play segment

Partial Transcript: Claude Adolphe: Menm koulye a, li retounen, yo pap ka jere l.

Segment Synopsis: Adolphe eksplike jan tranblemann tè a chanje jan moun te konsidere lanmò, jan yo te wè sa epi jan yo te konn reyaji a sa. Sa pa fè Ayisyen anyen koulye a lè moun blese, oubyen mouri paske yo wè sa twòp. Li ensiste sou jan fòs komin ranplase antèman ou fineray.

Keywords: Antèman; Fineray; Fòs komin; Mò

Subjects: Fineray; Obsèk

00:53:54 - Jan tranblemann tè a chanje moun

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Kijan sa fè w konpòte w yon lòt jan lèw konnen ou pa entouchab?

Segment Synopsis: Adolphe pale de kijan gen yon seri gwo zouzoun ke moun paka manyen lan peyi a. Nenpòt s'ak ta rive, y'ap gen tout mwayen ak tout moun pou pran defans yo. Li eksplike jan tranblemann tè a vin desann tout moun sa yo. Tout lòt bagay vin pa itil anyen ankò.

Keywords: Entouchab; Rich

Subjects: Klas mwayèn; Moun rich; Privilèj

00:57:48 - Konklizyon / Konsènan gouvènman yo

Play segment

Partial Transcript: Claude Adolphe: E koulye a, mwen pa wè l konsa pou moun di: "O-o, fòk mwen pran Bondye pou puisans." Mwen pa wè l konsa.

Segment Synopsis: Lan fen an, Adolphe di li pa dakò pou se tranblemann tè a ki pou sèvi pretèks pou yon moun pran Bondye; menm si li raple ke tranblemann tè a se yon fenomèn natirèl men ki gen yon aspè espirityèl ladan l. An denye lye, Adolphe avèti kominote entènasyonal la pou pa bay gouvènman sa k prale a okenn lajan.

Keywords: Bondye; Gouvènman; Lajan; Maladi; Mwa; Prezidan; Préval; Tant

Subjects: Koripsyon