Louie B. Nunn Center for Oral History

Interview with Fleury Pleusimond, October 15th, 2010

Louie B. Nunn Center for Oral History, University of Kentucky Libraries
Transcript
Toggle Index/Transcript View Switch.
Index

Search this Index
X
00:00:00 - Ekperyans tranblemann tè a / Lavi apre

Play segment

Partial Transcript: Avan evénman an, tout moun te gen lan men yo pou yo te bouje--ou wè--pou yo te bouje.

Segment Synopsis: Lan pati entèvyou sa-a, mesye a pale kijan lavi a te ye; li pale de kijan tranblemann tè a pran li, epi li rakonte jan li fè pou viv ak fanmi li apre tranblemann tè a. Li pèdi manm fanmi avèk kay. Li eksplike ke li te gen yon bon vi avan tranblemann tè a, koulye a li konte sou èd entènasyonal ak ti lajan li fè lan leve dekonm; li itilize lajan sa-a pou l repare kay li ki fisire.

Keywords: Dekonm; Djòb; Evénman; Fanm; Goudougoudou; Kay; Kay kraze; Manje; Manm fanmi; Mò; ONGs; Oganizasyon entènasyonal; Resous; Travay; Viktim

Subjects: Haiti solidarite entènasyonal; Haïti solidarité internationale; Trablemann tè Ayiti, Ayiti 2010

00:04:47 - Prezantasyon / Metye ougan avan e apre tranblemann tè a

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Kot--kòman w rele pou kòmanse?

Segment Synopsis: Lan pati sa, Monsye Pleusimond prezante tèt li. Li di kote l te fèt epi li pale de kijan li eritye don mistik epi demare ak metye ougan an. Li eksplike poukisa li kanpe sou aspè medsen fèy la lan metye a. Li pale kijan tranblemann tè a afekte materyèl li te konn itilize pou pou trete kliyan li yo. Anvan li te sispann travay li te kont kom Sezaryèn ke li di li gen sekrè li. Li bati repitasyon li kote ke se kliyan ki rale lòt kliyan.

Keywords: Bòkò; Medsen fèy; Metye; Mistik; Ougan; Trètman; Vodou

Subjects: Bòkò; Medsen fèy; Ougan

00:18:29 - Enpak move kondisyon lavi a sou metye ougan an

Play segment

Partial Transcript: Pleusimond Fleury: --Kounye a kè m pa kontan; paseke mwen poko enstale lakay mwen, pou m repati jan m te konn ap repati, pou m'ap konpoze! --ou wè, jan m konn ap konpoze--

Segment Synopsis: Pleusimond eksplike jan move kondisyon l'ap viv fè li paka travay byen. Li paka tann pou li retounen lan kay pa l kote l'ap ka resevwa kliyan li yo lan bon espas epi ak tèt repoze.

Keywords: Abri; Dòmi; Espas; Espri; Kay; Kliyan; Konpoze; Lakay; Lespri; Medikaman; Plas; Remèd; Sèvo

Subjects: Bòkò; Medsen fèy; Ougan

00:21:06 - Provenans teren anplasman kay / Manm fanmi ki viktim yo

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Ou te--(Petèt ou te di sa deja men)--ou te propriyetè lakay ou?

Segment Synopsis: Pleusimond eksplike kòman li te vin propriyetè teren kote kay ki kraze a ye a. Li pale de eta teren an apre tranblemann tè a. Li pale tou de pròch ki pèdi yo; li toujou konte fè fineray pou yo.

Keywords: Lakay; Lanmò; Mò; Property; Pwopriyete; Teren; Tè

Subjects: Dekonm; Fineray; Mèt kay; Mèt tè; Propriyetè

00:24:44 - Lavi lan kan apre tranblemann tè a

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Um, apre Douz Janvye, lan la semaine qui, qui suivit, kisa, kisa ou te fè, kisa fanmi ou te fè pou viv, kòman ou te wè bagay?

Segment Synopsis: La-a, Pleusimond ap pale de jan li te rive fè pou li viv avèk fanmi li tout suit apre tranblemann tè a. Li di ke manm fanmi kole sa yo te genyen mete ak ti èd manje ke ONG te bay. Yo te pèmèt fè ti djòb malgre eta sante l pa bon. Li pale tou de ki kote li pase avan li te abouti lan kan an epi li moutre ke gen espwa yon lavi miyò pou moun k'ap viv lan kan-an.

Keywords: Kan; Manje; ONGs; Èd; Òganizasyon

Subjects: Kan; Manje; Èd

00:27:36 - Relasyon avèk Bondye

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Ki relijyon ou?

Segment Synopsis: Pleusimond kòmanse pou l di ke mantal li te afekte apre eve-nman-an paske li pat sispann panse ak pwòch ki pèdi yo epi li te pèdi memwa. Li kwè si l vivan se travay Bondye epi li raple ki plas Bondye okipe lan pwofesyon li malgre sa moun ta ka panse. Li kwè se zèv li ki sove l.

Keywords: Bondye; Katolik; Legliz; Relijyon; Sove

Subjects: Fwa; Kwayans; Relijyon

00:32:19 - Wòl pratik mechanste lan lanmò / Koz tranblemann tè a

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Dezyèm--dezyèm bagay, ou, ou dekri eksperyans ou konn, ou te, ou te siv--siviv--

Segment Synopsis: Pleusimond pataje opinyon pa li epi li bay kijan kilti peyi a wè wòl pratik mechanste lan lanmò moun. Li pa dakò moun di tranblemann tè a se Bondye k'ap pini peyi a, li kwè se yon katastwòf natirèl epi moun ki mouri yo se rezilta jan yo konstwi lan peyi a.

Keywords: Bondye; Byen; Katastwòf; Kwayan; Lapriyè; Maji; Mal; Mechanste; Pitit; Sòsèlri; Wanga; Zèv

Subjects: Benediksyon ak malediksyon; Bonte--Bondye; Lapriyè; Mal ak byen; Pinisyon; Tranblemann tè--Ayiti

00:38:28 - Reklame eritye pou don ougan an

Play segment

Partial Transcript: Entèprèt: Alò, tankou, lan, yo, jan espri yo, yo menm lan fanmi papa w yo reklame w, men èske ou poko janm gen yon pwojeksyon ki soti de yo menm, ki di ke yo gen yon moun lan fanmi w ke yo reklame?

Segment Synopsis: Li pa konnen si pitit gason yo reklame a ap kabap ranplase l paske nivo edikasyon yon an konte.

Keywords: Djab; Don; Edikasyon; Eritaj; Fòmasyon; Lekòl; Lwa; Mistik; Vodou

Subjects: Bòkò; Eritye; Ougan; Siksesè

00:41:35 - Kèk konsèy pou Vodouyizan / Protestants ak Vodouyizan

Play segment

Partial Transcript: Entèprèt: Alò, tankou, kesyon m t'ap poze ankò, ki, kòm ou lan sektè vodouyizan an, e-e sa n'ap di a li gen rapò avèk listwa, ki konsèy ke w kapab kite pou vodouyizan yo? Eske w'ap kite yon konsèy a ce que yo kapab toujou kontinye fè byen menm, selon ou menm ki konsèy ke w'ap kite pou yo?

Segment Synopsis: Pleusimond fè elòj kilti Vodou a. Li defini kisa Vodou ye, kisa li pa ye. Li preche respè mityèl ak nesesite pou vodouyizan respekte metye a dabò. Li fè diferans ant Vodou ak chalatan ki dyab yo. Li devwale epi rejete rezon ki fè Pwotestan yo di se Vodouyizan ki koz tranblemann tè a frape Ayiti. Li kesyone ajanda Pwotestan yo ki toujou ap voye wòch sou Vodouyizan. Li mande pou Ministè dè Kilt ta mete lòd lan Vodou a pou pa bay moun rezon sou Vodou a.

Keywords: Asogre; Dyab, Djab; Legliz; Legliz evanjelik; Magi; Mal; Manje moun; Ministè dè kilt; Ministère des cultes; Pwotestan; Relijyon; Sorselri; Vodou

Subjects: Bòkò; Ganga; Ougan; Vodou--Ayiti

00:53:18 - Relijyon Anketè a / Avantaj ak kritè pou vin Vodouyizan

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Um, si ou pa, si nou gen lòt kesyon sou sa, mwen gen.

Segment Synopsis: Payton di li se yon Ate ki pa gen relijyon. Sou avantaj Vodou, Pleusimond di li pap fè piblisite pou moun vin vodouyizan paske se plis yon don, ou pa aprann sa. Li pale de rasin vodou a lan Afrik; li di kijan sa mande pouw Ayisyen pou ou vodouyizan, men li tou konpare nivo vodou Ayiti a ak pa manman Lafrik la. Li bay etap ak degre pou inisye yon moun ki enterese vin yon prèt vodou. Pleusimond akeyi entèvyou sa kom yon okazyon pou moun toupatou aprann konnen bon bagay ki lan Vodou a. Li tou pwofite prezante

Keywords: Afrik; Asogre; Ason; Ate; Ayisyen; Don; Ginen; Inisiyasyon; Inisye; Mèt ason; Onsi kanzo; Pwen; Vodou,; Vodouyizan

Subjects: Byen; Bòkò; Ganga; Gangan; Inisye; Mal; Ougan; Seremoni; Vodou; Vodouyizan

01:03:47 - Jan rès sosyete a wè Vodou

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Anm, èske--mwen konnen--si mwen konprann byen, mwen konnen nan epòk yo, diferant Ayisyen, gouvèneman e moun panse bagay diferan sou Voudou, eh, dans certains moments yo, yo, yo renmen li, lan yon lòt moman yo pa renmen li, èske ou konnen lan tout vi ou gen lòt si, si gen lòt lè ou, ou pa--santi ke moun pa renmen Vodou, ke moun di manti sou Vodou, èske sa gen sans?

Segment Synopsis: Madanm Pleusimond fè konprann se sèl Pwotestan yo kòm relijyon ki pa renmen Vodouyizan. Tout sa yo repwoche Vodouyizan yo, yo menm ankò, yo fè l pi mal.

Keywords: Bay manti; Pale mal; Protestan; Pwotestan; Relijyon

Subjects: Relasyon--Vodou

01:05:21 - Kondisyon lavi lan kan an / Viv an kominote

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Anm, okay, on va, on va laisser just quelques instants les questions de Voudou pour retourner plus à votre expérience, uh, plus globale, ahm, donc--

Segment Synopsis: Madanm Pleusimond di ke absans Leta lakoz yon valè moun ap gade, yo sou kite kan-an. Pou Pleusimond kou lavi a di, ke se pou manje, kouche, epi lwazi. Li di depi lè ONG yo sispannn bay èd, moun vin paka maje byen. Madan Pleusimond eksplike jan yo paka achte materyèl pou timoun ki lekòl. Pleusimond avwe ke li paka fè manje chak jou.

Keywords: GouvTè privenman; Gouvènman; Kan; Kominote; Kondisyon; Lavi; Leta; Manje; ONG; Propriyete prive; Tè prive; Èd

Subjects: Kan; Èd entènasyonal

01:13:25 - Opinyon sou pwogram kominote entènasyonal an Ayiti

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Est-ce que vous fai--est-ce que vous faites confiance dans les présen--dans les programmes des étrangers pour, pour Haïti? Ou dans leur présence ici même?

Segment Synopsis: Pleusimond bat bravo pou kominote entènayonal la ki te pote yo sekou apre Tranblemann tè a. Malgre èd la te vin kanpe men li te apresye l sitou Leta pa responsab.

Keywords: Kominote entènasyonal

Subjects: Èd entènasyonal

01:15:36 - Vote dirijan politik / Gouvènman pase ak prezan

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Est-ce que vous avez l'habitude dans votre vie de voter?

Segment Synopsis: Lan pati sa-a, Pleusimond di li p'ap gaspiye vòt ankò lan politisyen. Li pa gen anpil espwa sou dirijan paske li regrèt yo pa kite sa ki bon yo. Li konpare kou lavi sou rejim Duvalier ak sou Aristide premye vèsyon epi li bay sa li ap atann de eleksyon k'ap vini yo.

Keywords: Aristide; Chanjman; Dirijan; Duvalier; Ekzil; Gouvèrnman; Koudeta; Leta; Prezidan; Pèp; Soulèvman popilè; Vote; Vòt

Subjects: Ekzil; Vote

01:23:34 - Enpak tranblemann tè a sou sante mantal

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Pou retounen plis a eksperyans ou, ou menm, èske--èske ou panse ke, ou wè lan ou menm, ou, ou wè lan espri ou, ou lan, uh, mantalite ou, chanjman provoke akoz tranbleman an?

Segment Synopsis: La-a, Pleusimond eksplike jan tranblemann tè a afekte sante mantal li. Li mansyone jan memwa li ak zye li afekte. Li di tou jan sa deranje l chak fwa yo pale l de evènman an. Li bat bravo pou Legliz Katolik ki pa lan voye wòch sou lòt moun tankou Pwotestan k'ap akize epi preche malè.

Keywords: Bib; Chanjman; Je; Je twoub; Kapital politik; Labib; Legliz katolik; Memwa; Sante mental; Sèvo; Vizyon; Zye; Zye twoub

Subjects: Sante mantal

01:28:26 - Kisa pou atann de entèvyou sa / Vodou: Ayiti kale Lafrik

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: E--èske, nou te pale--ou te gen yon kesyon oumenm?--a-a wi, nou te pale anpil bagay jodiya ak ou men, e-e, nou te touche anpil, anm, wè, anpil pwen, men èske nou te--èske gen pwen ou gen panse ou genyen sou tout sijè sa-a, ou patikilyèman avèk tranbleman-an, paske ou gen anpil panse sou Voudou ke nou pa konnen, men anm, sou tranbleman-an èske ou genyen--èske gen pwen ke nou pa deja diskite ke ou panse enpòtan pou nou pou ke, pouke nou ka konprann ou?

Segment Synopsis: Lan pati sa-a, Payton eksplike lan ki bi l'ap fè entèvyou sa-a epi kijan li kwè enfòmasyon sa yo ap itil a lavni. Pleusimond akeyi pwojè pou fè achiv epi simaye entèvyou a; li espere yon jou ap gen yon Ministè dè Kilt ki pou mete lòd lan Vodou a lan peyi a. Li detaye tout sa Vodou Ayisyen an fè ke Lafrik pa genyen.

Keywords: Dokimantasyon; Dokimante; Istoryen; Istwa; Kontribisyon; Memwa; Ministè Kilt; Ministère des Cultes; Tranblemann tè; Vodou

Subjects: Istwa; Tranblemann tè

01:40:53 - Enpresyon entèvyou yo / Dènye mo

Play segment

Partial Transcript: Claire Payton: Eske w gen lòt kesyon pou nou a pwopo travay n'ap fè? Ou sou travay n'ap fè?

Segment Synopsis: Pleusimond site lòt aspè lan sosyete a ki merite ankete tou epi li di kijan l panse sa ka fèt. Li swete pou Douz Janvye make listwa peyi a, rete lan memwa moun. Li swete tou ke Pwotestan yo chanje fason yo preche lan peyi a.

Keywords: 12 Janvye; Ankèt; Douz Janvye; Entèvyou; Goudougoudou; Tranblemann tè; Travay

Subjects: Tranblemann tè, Ayiti, 2010; Tranblemann tè--Ayiti